Saltar al contenido principal
Ketal Network
Volver al diario

Èske gen yon nouvo retrè AFP ki pral fèt nan peyi Chili?

1 min de lecturaKetal Network

Gen palmantè nan Chili k ap etidye yon pwopozisyon pou moun ki nan chomaj kapab retire yon pati nan lajan AFP yo. ⚠️ Pou kounye a, pwopozisyon an poko apwouve.

Profesional editando contenido digital para redes sociales de un negocio.

Men, kisa nouvèl sa a vle di toutbon?

  1. Kisa yo pwopoze a?

Gen palmantè ki vle etidye posiblite pou moun ki pase yon sèten tan san travay kapab jwenn aksè ak yon pati nan lajan yo nan AFP, selon kondisyon ki ta dwe defini.

2 Èske yo deja apwouve sa?

Non! yon pwopozisyon oswa yon deba politik pa vle di gen yon lwa ki deja apwouve. Ou pa gen aksè retire AFP ou sèlman paske ou nan chomaj.

3 Kisa moun ki nan chomaj kapab fè?

Pandan y ap tann plis enfòmasyon, moun ki pèdi travay yo kapab verifye si yo kalifye pou resevwa benefis nan asirans chomaj AFC oswa nan Fon Solidarite Chomaj la.

4 Poukisa li enpòtan pou nou byen enfòme?

Paske lajan AFP a dispo sitou pou ede finanse pansyon moun lè yo pran retrèt. Nenpòt chanjman nan kondisyon pou retire lajan sa yo dwe respekte pwosedi legal ki nesesè yo.

ATANSYON! Pa kwè tout enfòmasyon ki pwomèt retrè lajan imedyat.
Pa bay okenn paj enfòmasyon pèsonèl ou san ou pa verifye enfomasyon ofisyèl.

Pataje enfòmasyon sa a pou ede plis moun konprann sitiyasyon an epi evite fo espwa.

Ketal Network | Ketal Diario
Enfòmasyon pou kominote ayisyen an chili.

Sigue leyendo